Mwen wè dyaman se lè zye ou klere
Mwen satim fyè se lè ou souri ban mwen
Cheri wout kè mwen se pou ou
Ou mèt fè de li tout sa ou vle
Depi ou pa detwi lespwa poum posedew
Yo toujou di ròch nan dlo
Pa konn doulè ròch nan solèy
Pa gen pèson au mond ki kapab di w
Kijan m renmen w
Ou m vle la, ou k tout vim, ou k lespwa, o
Pa meprize mwen
Banm yon ti plas nan kèw
Mwen konnen ou renmenm
Depiw kapab kotem
Lè ou pa wèm ou chache mwen
Fè ou padone mwen
Si ou ta wèm pa pale
Pou m di w tout sa k nan kèm
Se paske m trò renmenw
Lè m pa wèw mwen twouble
Mwen pwal la priye
Map trase vèvè
Map monte anwo
Pou m al jete dlo
Wi m konnen nan tout sa wap fè ki bon fòk ou fè sakrifis
Cheri mwen prè pou m sakrifie tout vim pou ou, o
Mwen pwal la priye
Map trase vèvè
Map monte anwo
Pou m al jete dlo
Yè swa pandan m kouche mwen reve w
Mwen wè se ouk parèt ou bobo m
M di kèlke jan sa ye fòm genyen w
Pito m monte anwo al mare w
E se sa l ye
Ayizan wo anye ayizan, ayizan fòk mwen ka gen fanm sa
Ayizan wo anye ayizan, woy men se li mwen vle
Ayizan wo anye ayizan, li pran tout vim li pran tout fòs mwen li zonbifye m
Ayizan wo anye ayizan, men poukisa men poukisa m damou l konsa mezanmi mwe